Eli Fčt Leyogŕn : Seri Liv Eli

ISBN
9780997212891
$9.95
Seri Liv Eli fè pati pwomosyon «Aprann pou w li, Li pou w aprann». Se yon koleksyon liv pou timoun, Sosyete Koukouy Connecticut lanse ak lide pou fè pwomosyon lanng ak kilti Peyi Ayiti. Se yon fason tou, pou agrandi lis materyèl ekri pou timonn ki ap aprann li. Nan seri liv sa yo, lektè a ap jwenn yon apèsi istorik, syantifk osinon sosyal pou ankouraje rechèch pi apwofondi, epi rafrechi memwa. Liv sa yo pral fasilite konvèsasyon ant edikatè ak elèv osinon ant paran ak pitit yo. Lektè Ayisyen kou etranje ap jwenn liv yo gen yon epis natif-natal yo kab rekonèt. Nan koleksyon Seri Liv Eli, lektè a ap jwenn tou, istwa lavi yon jenn Ayisen ki reli Eli, amezi li ap grandi pou jouk li rive yon pwofesyonèl. Istwa lavi Eli, se istwa yon jenn ki te fèt lavil Leyogàn. Akoz pèsistans li ak detèminasyon li, Eli fini edikasyon inivèsitè li epi li vin kontribye limenm tou, kòm edikatè, nan devlopman peyi li.
Format Paperback
Details
  • Active Record
  • Individual Title
  • 2015
  • Yes
  • 1m- 7